Ana səhifə

Popilasyon Ayisyen ki gen vih/sida nan Eta Florid-la ak Mayami-Dade


Yüklə 60 Kb.
tarix27.06.2016
ölçüsü60 Kb.
F

Popilasyon Ayisyen ki gen VIH/SIDA nan Eta Florid-la ak Mayami-Dade


2004
LORID
Popilasyon Eta Florid gen ladan 182,224 Ayisyen ki fèt nan lòt peyi oswa 1.1% popilasyon Eta Florid-la. (Resansman 2000 Etazini)

Nan Eta Florid-la, popilasyon Ayisyen an reprezante apeprè 6,984 sou 96,849 ka SIDA ki te obsève an desanm 2004 oswa 7% ka SIDA nan tout eta-a.

Nan Eta Florid-la, popilasyon Ayisyen-an reprezante apeprè 2,170 sou 33,489 ka VIH (pa SIDA) ki te obsève jouk desanm 2004 oswa 6% ka VIH (pa SIDA) nan tout eta-a.

Jouk mwa desanm 2004-la, yo te rapòte 3,104 ka SIDA, oswa 44% ka SIDA pou popilasyon Ayisyen-an nan konte Miami-Dade.
Jouk mwa desanm 2004-la, yo te rapòte 866 ka VIH (pa SIDA), oswa 40% ka VIH (pa SIDA) pou popilasyon Ayisyen-an nan konte Miami-Dade.
Gason yo te reprezante 62% (5,590) ka SIDA pou adilt-yo jouk ane 2004 la.

Pi gwo mòd transmisyon pou tout ka VIH/SIDA adilt-yo sou Ayisyen se te nan kontak etewoseksyèl (78%) alòske gason ki gen rapò seksyèl ak gason te reprezante 17% ak 4% moun ki pike kò-yo pou pran dwòg. Lòt risk, tankou transfizyon, emofili ak manman ki sewopozitif te reprezante 1% ka yo te obsève sou Ayisyen-yo.

41% tout ka SIDA ak 36% tout ka VIH yo te obsève sou Ayisyen te konsène gwoup laj 30-39 lane. 29% tout ka SIDA ak 27% tout ka VIH Ayisyen te konsène gwoup laj 40-49 lane.

Jouk mwa desanm 2004, nan eta Florid-la, yo te rapòte 49 ka SIDA nan timoun ak 12 ka VIH (pa SIDA).


Sous: MDCHD, HIV/AIDs Surveillance



Sous: Florida Department of Health

Bureau of HIV/AIDS


Sous



MAYAMI-DADE



Nan konte Mayami-Dade-la, Ayisyen ki fèt an Ayiti reprezante 3% nan popilasyon-an (Resansman 2000 Etazini).

Nan Mayami-Dade, popilasyon Ayisyen an reprezante apeprè 3,104 sou 27,976 ka SIDA ki te obsève an desanm 2004 oswa 11% ka SIDA nan Konte-a.

Nan Mayami-Dade, popilasyon Ayisyen an reprezante apeprè 866 sou 10,025 ka VIH (pa SIDA) ki te obsève jouk desanm 2004 oswa 9% ka VIH (pa SIDA) nan konte-a.

Jouk desanm 2004, nan ka SIDA pou Ayisyen nan konte-a, nan Liberty City, Little Haïti, Opa –Locka, ak Carol City sèlman, yo te rapòte 2,589 ka SIDA, oswa 83% ka SIDA pou Ayisyen.

Jouk desanm 2004, nan ka VIH (pa SIDA) ki rapòte nan konte-an sou Ayisyen, nan Liberty City, Little Haïti, Opa-locka, ak Carol City sèlman, yo te repòte 699 oswa 81% ka VIH (pa SIDA) nan Ayisyen.

Gason yo te reprezante 64% (1,986) ka SIDA pou adilt-yo jouk ane 2004-la.

Pi gwo mòd transmisyon pou tout ka VIH/SIDA adilt-yo sou Ayisyen se te nan kontak etewoseksyèl (72%) alòske gason ki gen rapò seksyèl ak gason te reprezante 21% ak 5% moun ki pike kò-yo pou pran dwòg. Lòt risk, tankou transfizyon, emofili ak manman ki sewopozitif te reprezante 2% ka yo te obsève sou Ayisyen yo.

32% tout ka SIDA ak 41% tout ka VIH yo te obsève sou Ayisyen te konsène gwoup laj 30-39 lane. 29% tout ka SIDA ak 27% tout ka VIH Ayisyen te konsène gwoup laj 40-49 lane.



Jouk mwa desanm 2004, te gen 25 ka SIDA timoun ak 5 ka VIH (pa SIDA) ki te rapòte nan Myami-Dade.


Verilənlər bazası müəlliflik hüququ ilə müdafiə olunur ©atelim.com 2016
rəhbərliyinə müraciət